Tan an



Tan an pase vit, si w pa travay se ou k ap wè l.

Mwen di w tan an pase vit, li pa tann pèsonn.


Tan an kouri, 

On moman li jous anba

Bridsoukou, nan yon bat je,  

Li pati kite w kote w t ye a.


Tan an pa nan jwe ako w

Se ou, pètèt k ap jwe avè l.

Men li menm, li pa nan griyen dan

Li kanpe an mèt djaz,

Lap mete prensip, 

L ap pase lòd.

Li se prensipal maestro!

Si w pa fè bon pridans 

Li ka jete w nan on fay minit. 

Se yon advèsè ki rebèl anpil. 

Tan an son bout fè, dan di

Li mache kole sere avè w 

Poutan l pa zanmi w vre,

Koz li pa janm bay ou tout tan w bezwen an. 

Li toujou pa ba w ase 

Lage w nan plenyen.

Fè w toujou ap di: 

"Si m t gen tan!?" 

Adjeeee 

Hmmmm

Tan sa ! 

Mhmm! 

Tan!!!

Ayayay ti mal. 


Tan an pase vit, si w pa travay se ou k ap wè l.

Mw di w tan an pase vit, li pa tann pèsonn.


Tan an kouri, 

On moman li jous anba

Bridsoukou, nan yon bat je,  

Li pati kite w kote w t ye a.


Tan an s on zanmi an menm tan tou. 

Se yon alye si! Klè! 

Lè w gen bon jesyon sou ou, 

Lè w byen fè ajanda w 

W ap pase sou tan an san pèdi tan ak li

Pou w pa pantan sou enprevi pedan 

Se leve bonè paske pi bonè se granmmaten…

Yon moun ki plase tèt li sou zepòl

Pou l pa tonbe sou kou

Se yon prevwayan, yon konpetan

Koz li konnen sa ki rele: "gestion des prioritĂ©s." 

Aprann sa: ou p ap janm gen tan, 

Ou p ap janm gen ase tan pou tout bagay, 

Se jere pou w jere tan w 

Epi tan an ap yon alye pou ou…

W ap lib ak lespri w pou w pa nan prizon tan an. 

W ap konn lè w gen tan pou w viv tan an 

Ak lè w dwe pran tan w, pran san w, san presedan... 

Tan an se yon patnè kle wi retadatè pa m

Ki pou pèmèt ou regle yon latriye bagay nan yon jounen. 

Fè efò wi, pou w ponktyèl 

Jou w ap gen pou w al nan syèl!

Chak grenn segonn konte.

Travay, repoze. Repoze, met may. 

Pa di w pa gen tan tande.

Di pito m poko ka jere tan m. 

W ap kontan wè w lè w fè sa.

"Aprann rete sou 2 pye w 

Pou w pa tonbe sou men w!"

Pou w pa bay jounen an osinon mwa a pote koz

Si se pa sa ayayay...

Adjeeee 

Hmmmm

Tan sa ! 

Mhmm! 

Tan!!!

Ayayay ti mal. 


Tan an pase vit, si w pa travay se ou k ap wè l.

Mwen di w tan an pase vit, li pa tann pèsonn.


Tan an kouri, 

On moman li jous anba

Bridsoukou, nan yon bat je,  

Li pati kite w kote w t ye a.


Aprann jere tan w pou w sispann pèdi tan. 



Alcinor Arthur (ARTH')

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Nostalgique

Je me cherche

Stop, viens par lĂ  bella!