Tan an
Tan an pase vit, si w pa travay se ou k ap wè l. Mwen di w tan an pase vit, li pa tann pèsonn. Tan an kouri, On moman li jous anba Bridsoukou, nan yon bat je, Li pati kite w kote w t ye a. Tan an pa nan jwe ako w Se ou, pètèt k ap jwe avè l. Men li menm, li pa nan griyen dan Li kanpe an mèt djaz, Lap mete prensip, L ap pase lòd. Li se prensipal maestro! Si w pa fè bon pridans Li ka jete w nan on fay minit. Se yon advèsè ki rebèl anpil. Tan an son bout fè, dan di Li mache kole sere avè w Poutan l pa zanmi w vre, Koz li pa janm bay ou tout tan w bezwen an. Li toujou pa ba w ase Lage w nan plenyen. Fè w toujou ap di: "Si m t gen tan!?" Adjeeee Hmmmm Tan sa ! Mhmm! Tan!!! Ayayay ti mal. Tan an pase vit, si w pa travay se ou k ap wè l. Mw di w tan an pase vit, li pa tann pèsonn. Tan an kouri, On moman li jous anba Bridsoukou, nan yon bat je, Li pati kite w kote w t ye a. Tan an s...